Intro:
Ayiti, pou Ayisyen
Ayisyen, gad Ayiti
1st Verses:
Mwen fet nan’w ti peyi
ki rele Ayiti
kelke swa s’al devni
Ooooh se la’a M’soti
lontan yo te konn di
l’se la Perle Des Antilles
Kounia’l kon te modi
L’depafini
gade ki Jan n’ape detwyi
tout sa Zanset nou yo Konstwi
pou yon jou n’te ka viv ini
Kou fre ak se ki gen minm bi
chak jou yon paket mounn mouri
se pa bal nasyon ennmi
se ou menm fre yo Ayisyen
k’ap mitraye yo tankou chin
Woo
Chorus:
Si yon jou, nou ta aprann renmen fre nou
Minm jan ke nou renmen têt nou
Men Ayisyen ta va gen yon meye demen
ansanm nou ta rive byen loin
Ki le ki jou, na va aprann renmen peyi nou
Wo wo wo
Pou Ayiti ta va gen yon meye avni.
2eme verses :
Gade yon anachi
Zam fann fwa nan lariii
min pep la san zabwi
Oooh lavi yo di
Pey’on paket minis
Ak yon bann ko polis
Pou ta bayo jistis
Sa vinn pi twis
Chak fwa neg yo f’on kidnapping
Konnen s’on pitit Dessalines
W’ap fe peye pou libete
Sou te papa’n mouri kite
Meye sispann di’n pa gen chans
Panse pito ke’w san konsyens
Ou toujou ap eseye mode
min’k nan boush ou pou ba’w manje
Wooo
Bridge : Ft Mistik
Jeness la an ale
Yo, men pou kisa chak mounn ki monte sou pouvwa’a
Se bann malvekte yo ye on paket vole
Yo ta pito kite nou nan fenwe olye yo ba nou yon limye
Pou nou ka we kle
Minm nan Ginen neg rayi neg,
Chin manje chin pou vant yo plen
Yo we yon lot ate, yo pap janm esseye ba’l on men
Min fo’k sa chanje
Si’n plante lanmou, mwen di lanmou n’ap rekolte
Ayiti pou Ayisyen leve kanpe
Ayiti pou Ayisyen le’a rive
Ayiti pou Ayisyen, le’m we peyi’m ke mwen grinn
Fo’k nou fe yon jan pou nou ka bati yon pi bel demin
Pou tout citwayen
Rap : Ft. Ricky Derose
Yeah, tande
Nou pa janm gen bon lide
Toujou’on bann esplwate
Manipile, diktate, tout pla yo se vole
Pandan pep nan mize
yo minm yo miliade
min kile pep sa’ap we kle
Mwen di sispan boule
Komess sekte prive
Se yo’k toujou kanpe
avenn nan sosyete
Leta pa janm kreye Travay pou malere
Min san yo’ou pa t’ap manje